COVID-19 Mizajou #7 - Vil Orlando apiye Konte Orange pou Mande Tout Mo

Last updated on March 24, 2020

24 mas 2020 – Orlando, FL – Jodi a Buddy Dyer, majistra Orlando a, met ansanm ak Jerry L. Demings, majistra Konte Orange lan pou soutni pwomilgasyon dekrè dijans ki oblije tout moun rete lakay yo epi pou tout biznis ki pa esansyèl yo rete fèmen pou ka anpeche pwopagasyon COVID-19 la.

Pandan yon konferans pou laprès jodi a pou anonse òdonans lan, Majistra a di "viris la pa pwopaje pou kont li, se nou menm ki pwopaje li." "Nou pa rete konsa nou pran desizyon sa a, e nou konnen l ap gen gwo enpak ekonomik ak emosyonèl sou kominote nou an, men nou dwe kontinye aji kounye a pou nou kapab sove lavi yo."

Òdonans sa a konte a pran an ap antre an vigè apati de 26 mas a 11 p.m., l ap dire de semenn pou fini jedi 9 avril 2020 an a 11 p.m. Òdonans lan entèdi moun al vizite moun (sèlman si w pran bay swen oswa delivre yon bagay), rasanbleman plis pase 10 moun epi fèmen tout biznis ki pa vrèman esansyèl, pami yo nou ka di kèk biznis ki vann an detay ak biznis ki fèt pou bay lwazi ak divètisman.

Nan kad òdonans pou sitiyasyon dijans sa a nan nivo konte a, y ap kontinye bay sèvis esansyèl yo epi moun ap gen otorizasyon pou fè aktivite ki esansyèl yo tankou ale nan makèt, jwenn swen medikal, oswa pwomennen bèt yo.

Anons kolaborasyon ant dirijan rejyonal yo montre plis nesesite ki genyen pou pran bon jan dispozisyon epi fè aksyon konkrè pou anpeche pwopagasyon COVID-19 la nan kominote a.

Majistra Dyer di "objektif pa nou se pou poze bon jan aksyon, pou diminye kantite moun viris sa a afekte epi akselere retablisman finansye moun yo ak biznis yo." "Se yon defi nou pa t janm rankontre anvan, men mwen kwè Orlando ap fè fas kare ak li." Vil Orlando ap kontinye veye sitiyasyon sa a ki pa sispann evolye epi y ap kontinye aktyalize sit entènèt vil la ki trete repons vil la a Kowonaviris (COVID-19) la sou orlando.gov/covid19 ak tout dènye enfòmasyon yo.

### 

 

Tagged as: