Nouvèl #6 sou COVID-19 - Reyaksyon Vil Orlando

Last updated on March 20, 2020

Vandredi, 20 mas 2020 – Orlando, FL – Jodi a, Majistra Orlando a Buddy Dyer te mete tèt ansanm avèk Majistra Konte Orange la Jerry L. Demings ak fonksyonè lokal yo pou bay nouvèl sou efò y ap fè yo pou garanti yon reyaksyon kowòdone pou rete simayman COVID-19 la nan kominote a. 

“Reyalite a se nou pa konnen ki kantite tan sa pral dire ni ki konsekans sa pral genyen sou anpil aspè nan lavi nou ak travay nou,” Majistra Dyer te deklare.  “Sa nou konnen, se ajisman nou nan moman santral sa a, ni endividyèlman ni kolektivman, kapab pote yon kokennchenn diferans nan ralanti simayman viris la.”  

Pou kontinye efò vil la, Majistra Dyer te anonse tout etablisman nan vil la pral fèmen pou piblik la nan finisman jou travay la nan vandredi, 20 mas. Fèmti yo fèk pwomilge yo aplike pou Meri Orlando a ak lòt bilding administrasyon ak biwo vil la. Enstalasyon anplennè yo tankou pak nan vil la, Leu Gardens ak Dubsdread Golf Course pral rete ouvè pou piblik la, avèk mezi distans sosyal nesesè yo anplas pou respekte rekòmandasyon CDC yo.  

“Anplwaye esansyèl vil la pral kontinye pote sèvis kritik pou rezidan nou yo pandan tan difisil sa a,” Majistra Dyer te deklare. “Rezidan ki bezwen asistans yo kapab toujou sèvi ak telefòn pou pran kontak avèk gouvènman vil la epi jwenn plis pase 290 sèvis minisipal pase pa platfòm anliy nou an sou Orlando.gov.” 

Vil Orlando kontinye ap siveye sitiyasyon sa a ki toujou ap evolye epi li pral kontinye mete ajou sit wèb Vil la ki konsakre a reyaksyon vil la pa rapò ak Kowonaviris (COVID-19) la nan orlando.gov/covid19 avèk dènye enfòmasyon yo. 

### 

Tagged as: