Aplike pou Akademi Polis pou Sitwayen an Kreyòl la

Èske w yon rezidan vil la ki enterese aprann bagay sou Depatman Polis Orlando a?

Aplike pou fè pati Akademi Polis pou Sitwayen an Kreyòl OPD a. Kou a ki dire senk semèn diskite divès sijè ki gen rapò ak lapolis epi li bay yon koud je sou zouti ak teknoloji OPD yo. Pou aprann plis, klike isit.

Anliy

Step 1.Tcheke elijibilite w

Akademi Polis pou Sitwayen an Kreyòl la reyini a 6 pou 9 p.m. nan senk jedi konsekitif kòmanse 19 oktòb 2023 avèk yon seremoni gradyasyon 30 novanm 2023. Tanpri fè si ou kapab pwomèt pou w la nan lè ak dat sa yo. Fòk ou genyen omwens 18 lane laj pou patisipe. Sonje byen ke seyans yo pral fèt an Kreyòl.

Step 2.Sanble enfòmasyon w yo

Pou demann nan, ou pral oblije founi:

  • Kowòdone w yo.
  • Nimewo pèmi kondwi oubyen ID ou.
  • Rezon ki fè w vle antre nan akademi a.
  • Non ak adrès de moun ki pou sèvi referans pou karaktè w. 

Step 3.Depoze demann w

Nou bay atansyon endividyèl ak chak kandida. Nou fòtman ankouraje w pou w repòn chak kesyon konplètman epi selon tout kapasite w. 

Aplike kounye a

Step 4.Nou pral rete an kontak

Si nou aksepte w, nou pral kontakte w avèk pwochen etap yo.